Yon jou, nan fè kòken, Krapo a te mare pye sourit la byen mare ak pye pa li. Pandan yo te makonnen ansanm, premye bagay Krapo a te fè se mennen zanmi li Sourit la nan savann kote yo te abitye al chèche bagay pou yo manje a.